HAITIAN CREOLE BIBLE DICTIONARY

HAITIAN BIBLE DICTIONARY
These WORDS are designed to help Bible readers of Haitian Creole with the meaning of words, proper names, places, and definitions.



Welcome to Haitian Bible Dictionary by Paul E. Germain!
This is to help you as readers to have a better understanding of the Haitian Bible. I want to take this opportunity to tell you how great it is to have this webpage; however, it would be greater when you actually contribute to it. Your contribution is very important for all of us who seriously study and revere the Word of God.





ABAKOUK: non sinifi anbwase, yonn nan ti pwofèt yo. Li te yon nonm sansib enpi espirityèl. Liv li a plase plase nan uityèm pozisyon nan liv ti profèt yo. Ou jwenn tèm liv li a nan Abakouk 1:1.

ABANDONE: bay vag, lage, dezète, depeyize i.e. kite yon moun oubyen yon bagay.

ABBA: mo Arameyen ki sinifi papa. Jezi te itilize l pandan li t ap priye nan Jetsemani. (Mak 14:36).

ABDYAS: non sinifi sèvitè Jeyova. Pwofèt ki ekri liv abdyas la. Nan liv li a, li pale de destriksyon peyi Edon ak restorasyon Izrayèl.

ABÈDNEGO: non sinifi sèvitè nego nan lang Ebre a, se te non sa ke wa Nebikadneza te bay Azarya nan Danyèl 1:7. Abèdnego te yonn nan zanmi Danyèl yo, yo te lage nan founèz la sou gouvènman wa Dariis.

ABÈL: non sinifi vanite, frè Kayen, pitit Adan ak Èv. Kayen te touye l aprè Bondye te fin beni sakrifis li a. Li te resevwa louwanj akoz de fwa li nan (Ebre 2:4).

ABIMELÈK: non sinifi Bondye se wa. 1) Yon wa peyi Gera, touprè Gaza. Se te nan palè l ke Abwaram te eseye pase Sara kòm sè l (Jen. 20:1-18). 2) Yon dezyèm wa nan peyi Gera, petèt se pitit sila a ki mansyone anlè a. Se te nan tribinal li Izarak te eseye pase Rebeka kòm sè l (Jen. 26:1-11). 3) Pitit Jedeyon fèt ak yonn nan madanm plase l yo (Jij 8:31). 4) Yon wa Filisti ki mansyonen nan sòm 34. 5) Yon prèt nan tan David (2 Is 18:16), li rele ankò Akimelèk selon (1 Is 24:6).

ABIMAN: kostim, rad, inifòm

ABINOAM: mo sinifi papa sajès, msye te papa Barak (Jij 4:6; 5:1).

ABIZE: itilize mal, maltrete, ensilte, enjistis, abize kouvri tout sa ki pa rezonab oubyen maltrete pa pawòl oubyen aksyon.

ABOMINASYON: mo sa vle di degoutans, rayisans. Li itilize 1.) Pou esprime fason ejipsyen yo te konsidere tèt yo kòm defile lè yap manje ak etranje yo (Jen. 43:32). Jwif yo tou te pratike menm bagay la, yo menm te konsidere l ilegal pou manje oubyen bwè ak etranje (Jan 18:28; Tra. 10:28; 11:3). 2.) Chak bèje te pratike abominasyon daprè Ejipsyen yo (Jen. 46:34).

ABOLI: detwi, mete fen, anile, (i,e aboli lesklavaj).

ABSALON: non sinifi papa bay lapè. Twazyèm pitit gason David, li te fè l ak Maka ki te pitit Talmayi, wa peyi Gechò sou bò nòdès Lak Galile (2 Sam. 3:3; 1 Ist. 3:2). Pita Absalon te vin fè tèt li wa. Papa l David te renmen l anpil, men li te mouri aprè l fin leve kont papa l.

ABTINANS: ladyèt, prekosyon, abtinans kapab pou yon okazyon, jeneralman pou koz relijyon.

ACHERA: non komen ebre ki vle di yon kote pou adore, kòm dabitid li chaje ak pyebwa, oubyen yon «lye sen» kèk reliyen kananeyen (jij 6:25, 28; Mic. 5:23). Daprè kèk moun achera sa te dye kaneyen yo (Jij 3:7; 1 Wa 15:13).

ACHITÈK: enjenyè, Bondye se pi gran achitèk ki k ap ekziste.

ACHTE: resevwa pa peye lajan. Mwen achte yon galon lèt pou de (2) goud. Yo te achte Jozèf pou 26 pyès lajan (Jen...)

ADA: 1.) non sinifi bote, premye fanm Lemèk, manman Jabal ak Jibal (Jen. 4:19, 20, 23). 2.) Yonn nan madan Ezaou yo (Jen. 36:2; 4, 10, 12, 16).

ADAN: non Ebre pou gason (jenèz 1-5). Adan se premye kreyati imen ki te viv sou latè.

ADILTÈ: deboche, banbòch. Setyèm kòmandman Ekz. 20:14). Nan Ansyen Kontra a, zak seksyèl sou yon gason/fanm marye oubyen ki pa marye, men ki toujou avèk madanm oubyen mari lòt moun. Yonn nan dis kòmandman yo defann sa (Egz. 20:14; Det. 5:18). Pinisyon yo bay moun ki kòmèt adiltè se lanmò (Lev. 20:20; 18:20), pafwa yo lapide moun sa yo ak kout wòch (Jan 8:3-7; Det. 22:22-24).

ADISYONE: ogmante, mete ansanm, anplifye. Adisyone se ajoute pa inite ki diferan ak miltipliye, ki se ajoute pa repete.

ADMA: (fò). Nan vale Didim, toujou avèk Zeboyim (Jen. 10). Li te gen yon wa enpi li te detwi ak Sodòm enpi Gomò.

ADMIRE: renmen anpil, apresye, adore, respekte. Nou admire lanati.

ADINA : vanyan sòlda David, pitit siza, yon chèf nan fanmi Roubenn lan. (I Ist. 11:41).

ADONAYI: Seyè, Gran mèt.

ADONIJA: non sinifi Bondye mwen se Jeyova, katryèm pitit David te fèt ak Agit nan lavil Ebwon (2 Samyèll 3:3-4).

ADONISEDÈK: non sinifi seyè jis oubyen jistis. Li te yon wa nan peyi Jerizalèm nan lè Izrayelit yo te anvayi Palestin (Joz. 10:1,3). Li te fòme konfederasyon ak lòt wa kananeyen yo pou batay ak Izrayelit yo, men li te pèdi devan Jozye nan vil Gabaron. Listwa viktwa batay la ak tretman senk wa konfederal sa yo ekri nan Jozye 10:1-27.

ADONIBÈZÈK: dye Bèzèk, yon wa kaneyen ki te mate (bat) 70 chèf ke yo te mete antoure l, yo te fè yon atak sou lame Jida a ak Simeyon, men Adonisedèk te pèdi batay la enpi yo te fè lame l tounen prizonye nan Jerizalèm. Yo te koupe pous li ak dwèt li. Li di Bondye te pini l paske li te maltretre swasannsdis wa yo (Jij 1:4-7).

ADONIRAM: Bondye m lan egzalte, yon ofisye David (2 Sam. 20:24).

ADOPTE: pran kòm pitit. Pratik adopte ti moun te konn fèt nan tan Ansyen Kontra a. Egzanp: pitit fi Farawon an te adopte Moyiz (Egz. 2:10) pou pitit li. Estè tou te adopte kòm pitit fi Madoche (Est. 2:7).

ADORASYON: louwanj, konsekrasyon,

ADVÈSÈ: yon ènmi pèsonèl, nasyonal oubyen sipènatirèl (Egz. 23:22; Mat. 5:25). An ebre Satan oubyen akizatè (Jòb 1:6), wòl li se pou l chache feblès moun enpi voye pèsekisyon. Pitit Serouya te tounen yon advèsè pou David (2 Sam. 19:22) opoze kont volonte Bondye. Nan Nouvo Kontra a Satan se advèsè pa ekselans (1 Pyè 5:8).

Afeksyon: renmen, lanmou,

AFLIJE: an dèy, tris



AFRIK: yonn nan sèt (7) kontinan yo. Li probab premye abitan sou tè a te evolye an Afrik plis pase yon milyon ane. Sèlman yon ti pati nan kontinan sa a ke n jwenn nan Bib la. Men, Ejip ak Etyopi domine nan listwa kòmansman ak istwa fondamantal pèp Izrayèl la. Liv Egzòd rakonte deplasman pèp Izrayèl la nan peyi Ejip. Egzòd se yon pati vivan nan tradisyon Ebre a. Nan Nouvo Kontra a se an Ejip Jezi tÕal kache lè wa Ewòd te deyè touye l (Mat. 2:13). Kwa Jezi a te pote pa yon Afriken ki te rele Simon, moun peyi Sirèn.

AGA: sèvant Sara ki te fè yon pitit gason ki te rele Izmayèl pou Abwaram. (Jenèz 16:1-16)

AGABIS: yonn nan plizyè Kretyen yo. Pwofèt la te abite nan Jerizalèm. Li te vizite legliz Antyòch enpi pwofetize yon famin toupatou (Tra. 11:28) sou rèy Anperè Klod. Agabis te pwofetize ankò anprizonman Pòl (Tra. 21:10).

AGAPE: mo Grèk ki vle di Òlanmou BondyeÓ, mo itilize anpil nan Nouvo Kontra a pou gras Bondye. Li itilize nan Jid 12.

AGONI: langwas, mizè. Nan lang Grèk la, agoni itilize pou yon kontèks enpi l vle di santiman ki pa t janm sibi tankou esperyans Kris la nan jaden Jetsemani (Lik 22:44).

AGRIPA: 1) Agripa premye osinon wa Ewòd Agripa, pitit Gran Wa Ewòd ki gouvènen sou tout Palestin (Tra. 12:1-23). Li te fè touye Jak enpi mete Pyè nan prizon (Tra. 12:1-2, 3, 19). 2) Wa Ewòd Agripa dezyèm, pitit Agripa premye.

Se devan l apòt Pòl te parèt (Tra. 25:13-26,32).

AJE: yonn nan ti pwofèt yo, non li sinifi kontan. Liv Aje a te ekri nan sizyèm syèk avan Jezikri.

AJOUTE: adisyone pou fè l pi plis. Te gen de (2) nan sèvitè yo Jezikri te bay (Parabòl talan Yo)

AKAB: te genyen kèk wa fèb avan Akab te vin sou pouvwa. Men pou dekadans avèk idolatri li, li fè pi mal pase tout lòt wa ki te vin avan l yo. Li te sèvi Baal, enpi li te marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon.

AKAN: pitit Kami ak Zabdi, moun tribi Jida, li te pran kichòy nan sa pèp Izrayèl la tap detwi nan lavil Jeriko ke Bondye te entèdi yo pran. (Joz. 6:17-19).

AKANJ: non chèf zanj Bondye yo.

AKAYKIS: (1 Kor. 16:17), yonn nan manm legliz Korent, li te konpaye Fòtinatis ak Estefanas al wè Pòl nan Efèz. Yo te al wè Pòl sou zafè ki gade legliz Korent.

AKILA: jwif konvèti nan fwa Kris la, yo te mete msye ak madanm li deyò nan peyi Ròm. Li te vin rete nan peyi Korent, konsa li te vwayaje ak apot Pòl nan peyi Efèz. (I Kor. 16:19). Avan yo te retounen nan peyi Wòm, yon legliz te gen tan fonde lakay li (Women 16:3-5).

AKIM: non sinifi Jeyova pral etabli. Yon desandan Zorobabèl, pitit Zadòk, ansèt Jezikri (Mat. 1:!3-14).[1]Æ

AKONPLI: fini, tèmine

AKÒ: yon vale toupre lavil Jeriko, kote Akan te antere (Joz. 7:25-26), mo sa a vle di pwoblèm an Ebre.

AKÒDEYON: yon enstriman mizik ak kle

ALBÒM: yon liv ki gen pach blanch ladan l moun ka mete foto. Mwen renmen gade nan albòm fanmi an.

ALE: pati, soti, deplase. Wa Farawon pa t vle kite jwif yo ale.

ALEKSAND: wa peyi Masedwan, li rele Legran. Fèt nan peyi Pela nan ane 356 B.C. Li te pitit Filip ak Olenmpi. Akleksand detwi anpi Pès la e mete Lagrès sou pouvwa. Li konkeri Ejip, Azi, Lasiri enpi fonde vil Aleksandri nan ane 332 B.C.

ALEKSANDRI: 1.) Yon vil an Ejip touprè dèlta Nil la. 2.) Yon vil ki te gen anpil jwif. Filo se te filozòf tout moun konnen nan vil sa a. 3.) Daprè lejand yo di se vil kote Apolòs te fèt.

ALELOUYA: mo sinifi louwe Jeyova, louwe Letènèl. Yon mo ki itilize pa plizyè otè Sòm yo pou envite tout ansanm nan louwe Bondye (Sòm104:35, 105:45).


ALFA: premye lèt nan alfabè Grèk la. Mete alfa ak omega ansanm yo vle di Òkòmansman ak lafen, premye ak dènye, konsa Bondye se alfa ak omega (Rev. 1:8). Mo sa itilize pou Kris tou (Rev. 21:6; 22:13), konpare Ezayi 41:1, 44:6.

ALYANS: kofederasayon, inyon, akò ant de oubyen plizyè moun. Bondye te fè alyans ak pèp Izrayèl la nan liv Ekzòd.

AMAGEDON: yon mo ke yo jwenn sèlman nan Revelasyon 16:16. Se rasanbleman tout wa sou latè pou fè yon denye batay kont Bondye. Se batay final k ap dire twa ane ak sis mwa (3 ane ak 6 mwa) nan mwayennoryan. Aprè ane kontra lapè yo ki pale nan Danyèl 9:27 la, batay la ap pete (Eze. 38:15, 16). Gen dis (10) wa anba Antikris la k ap soti nan pati lwès (Dan. 7:24; Rev. 13:1), wa nan bò lès la sou zòd Lachin (Dan. 11:44), ak wa nan bò sid se kèk pati nan Lafrik (Dan. 11:11). Anpil mirak pral fèt anba pisans satan pou konvenk lidè yo k ap travay anba pouvwa Antikris la. Yo pral mete tout baz militè yo nan mwayennoryan pou batay kont Kris la .Lè l ap retounen sou montay Olivye (Zak. 14:14; Rev. 16:14). Yo pap dekouraje, Kris pral retounen lèzòm pral prepare yo pou batay Amagedon pandan Jezi va parèt ak lame syèl la. Lame sou tè a va mache kontrekare lame syèl la, panse l ka detwi Kris la ke yo pa t vle kwè (Jan 3:9-14; Sòm 2:2-3; Rev. 19:11-21). Kris ki se paròl vivan Bondye an ap retounen, lap monte yon cheval blan. Je l yo klere tankou flanm dife. Rad li pral tankou san. Sou rad li ak sou janm li te eki non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo ak lame syèl la dèyè l. Kris la ak tout lame l pral fè bèt la ak fo profèt la prizonye, enpi jete yo nan gro letan dife a.


AMALÈK: pitit Elifaz te fèt avèk konkibin li Tima (Jen. 36:12, 1 Ist. 1:36).

AMAN: gwo chèf nan peyi Pès la ki te vin aprè wa Asyeris. Li te pi lènmi jwif yo nan tan Estè. Li te vle detwi tout ras jwif la. Malè pou Aman, Bondye te rantre nan koze a, konsa li te pare yon pyèj pou Madoche, men se li menm ki te tonbe ladan l. Finalman, Aman te mouri (Est. 7).

AMATÈ: yon moun ki pratike yon etid oubyen yon espò pou plezi men li pa genyen esperyans. Yo itilize mo sa a pou moun ki pa pwofesyonèl.

AMÈN: sa w di a, se sa menm. Laverite, wi, sèten, souvan amèn itilize alafen yon priyè.

AMERIKA: gen anpil pasaj nan pawòl Bondye ki sanble ak Etazini. Se vre Etazini ap yonn nan nasyon Bondye ap pini yo (Eze. 39:21). Politik Etazini sanble ak ansyen peyi Babilòn (Rev.18).

AMIYOUD: papa Elichama, moun nan branch fanmi Efrayim (Res. 1:10).

AMON: yon lòt fòm Bennami, pitit Lòt (Jen. 19:38). Non sa te ilize pou posterite l (Sòm 83:8).

AMÒS: yon pwofèt men pa pwofesyonèl nan travay la (Amòs 7:14). Pwofèt nan tan Ezayi ak Oze, li pwofetize Betèl. Liv li a ekri nan bon stil e li genyen anpil imaj vivan. Li te viv nan ane 780 BC.

ANA: manman Samyèl (1 Sam1:28)

ANAKI: Anakim, ras jeyan, ras sa te okipe rejyon Ebron (Non. 13:22).

ANANYAS: non sinifi Bondye kontinye fè gras. Mari Safira (Travay 9:1-11). Yon gran prèt ki te entwodwi Pòl levanjil nan Damas. (Travay 9:10-19)

ANATÈM: kondane, madichon, (i,e Satan anatèm).

ANBASADÈ: reprezantan, anvwaye, mesaje (i,e nou se anbasadè pou Kris 2 Korent 5:20)

ANDRE: apòt Jezikri, frè Simon Pyè (Mat. 10:2), pitit Jonas Betsayida (Jan 1:44), disip Janbatis (Jan 6:6-9). Li te yon pechè pwason sou lanmè Galile.


ANE: lanne, yon peryòd de douz mwa. Mwen swete w bòn ane.

ANFIPOLIS: yon vil ak yon pòs militè sou chimen. Pòl te pase ladan l nan tan li pase Tesalonik (Tra.17:1).

ANIMAL: 1) Kennenpòt òganis vivan diferan de plant ak bakteri. 2) Kennenpòt kalite animal esepte moun, espesyalman animal kat pat tankou kochon, kabrit eksetera.

ANJ: mesaje, ajan (Jen 16:7). Yon èt sipènatirèl ki gen plis pisans pase moun.

ANONSE: fè konnen, avèti, bay nouvèl, (zanj lan anonse mari pral fè yon pitit).

ANSYEN: gran moun, yon moun ki genyen anpil esperyans relijye oubyen kiltirèl

ANTEKRIS: moun ki pou Kris.

ANTIKRIS: opozan ak Kris, kont Kris (1 Jan 2:18)

ANTWOPOLOJI: etid kilti moun, koutim, men nan relijyon Kretyen yo li itilize pou doktrin ke fanm ak gason te kreye nan limaj Bondye, yo kanpe lwen Bondye akòz peche.

ANTYÒCH: lontan Antyòch te rele Rèn Azi lès. li te fonde pa yonn nan Gran jeneral Aleksand yo. Antyòch te devni kapi[1]dtal Lasiri e se la non Kretyen te premye itilize (Tra.11:26).

APA: separe (Matye 14:13a)

Apachad: pitit gason Sèm, papa Chela (Jen. 11:12).

APÈL: envoke, rele, apèl tribinal, apèl Bondye. Bondye fè anpil apèl, men se yon ti kras kap sove.

APOKALIS: non grèk pou liv revelasyon an.

APOKRIF: kache, ki pa vrè. Se te anseri liv moun jwif yo te ekri enpi te itlize nan peyi Aleksandri.

APOLÒS: yon predikatè nan lavil Aleksandri (1 konrent 1:12).

APOSTAZI: abandone nan sa yon moun kwè tankou lafwa, renonse yon relijyon.

APÒT: yon moun yo voye, souvan Jezi voye douz disip li yo al preche levanjil.

ARAB: pitit, pitit Izmayèl ki se pitit Abwaram te fèt ak Aga, fanm moun Lejip la. Depi Izmayèl fin fèt yon batay kòmanse (Jen. 16:6; 21:10-11) pou jouk jounen jodi a. Pral gen yon tan kap rive tout nasyon arab yo gen pou reyini, objektif yo se atake Izrayèl.

ARABI: gwo dezè ant Irak bò lès enpi lanmè wouj bò lwès.

ARAMEYEN: yon langaj Semetik yo te pale nan tan Bib la..




PAUL GERMAIN
Tanbou

This page has been visited times.

This page created using the webpage creation facilities of Webspawner.
Copyright © 2006 PAUL GERMAIN. All Rights Reserved.